FotoKonbit

EKIP FOTOKONBIT: Marie Arago

Ko-direktè-Marie Arago

Marie Arago se yon fotograf dokumantèr ki te fèt nan zòn Nò Kalifòni kounye a li viv nan Miami. Marie etidye fim nan Akademi Art nan San Francisco ak fotografi nan Sant Entènasyonal de Fotografi nan New York. Arago gen plis pase dis ane eksperyans nan travay endistri fotografi e li te kreye pwogram atelye fotografi nan New York, Oaxaca, Meksik ak Anguilla. Marie se yon manm fondasyon FotoKonbit.

Nou ka wè travay Madam Arago nan sit entènèt li: mariearago.com.