FotoKonbit

EKIP FOTOKONBIT: Maggie Steber

Maggie Steber-Konseye

Maggie Steber travay kòm yon fotograf dokumantè nan 60 peyi. Travay li fè pandan lontan nan Ayiti fè li resevwa yon prim ak Alicia Patterson Foundation Grant ak Ernst Haas Grant. Koleksyon de foto yo ke li te fè an Ayiti pibliye nan yon liv "Dancing on Fire: Photographs from Haiti”, pa Aperture. Li te yon fotograf ak kontra pou Newsweek magazin pandan 4 ane e li te travay pou plizyè ajans epi li travay kòm yon editè foto pou Associated Press nan New York. Li travay kòm Editè Fotografik nan Miami Herald de 1999-2002.

Madam Steber dirije pwojè anplwaye foto de fwa ki vin Publiye nan finalis nobèl ak yon twazyèm fwa kòm gayan. An 2007, li te resevwa yon sibvansyon ki sot Knight Foundation pou fè yon konsepsyon de yon pwototip jounal pou nouvo Knight Center pou international media nan University of Miami. Nan 2010, pou twaziem fwa, li te envite kòm youn nan pwofesè yo pou bay yon klas nan Joop Swart classes. An 2008, li te envite oratè nan rasanbleman fòmèl nan Amstesrdam.

Pingyao Photo Festival te envite Steber nan 2008 kote li ekspoze travay li fè pandan lontan sou Ameriken natif natal yo e li te fè prezantasyon li nan sware prensipal lan. Sa se te twazyèm egzibisyon ke li fè nan Lachin. Li te ekspoze de fwa nan Visa Pour L'Image nan Perpignan, Lafrans ak nan jarden du Luxumbourg nan Paris kòm yon pati nan egzibisyon pandan 20yèm anivèsè de Reporters Sans Frontieres. Li te ekspoze anpil nan tout Etazini ak le mond antye.

lis mayifik Maggie gen ladan:

The Leica Medal of Excellence

First Prize Spot News World Press Photo Foundation News

First Prize Magazine Documentary in Pictures of the Year (iPOY)

Overseas Press Oliver Rebbot Award Best Photographic Coverage from Abroad

The Medal of Honor for Distinguished Service to Journalism from University of Missouri

Grants: Alicia Patterson Foundation, the Ernst Haas Grant and the Knight Foundation; 3-time finalist for Eugene Smith Grant for Humanistic Photography.

Travay li parèt regilyèman nan National Geographic Magazine, The New York Times, Smithsonian, The Guardian of London ak anpil lòt piblikasyon Ameriken ak Ewopeyen yo. foto li yo lajman ekspoze epi yo enkli nan mize da ak koleksyon prive. Li te sèvi kòm jij pou World Press Photo Foundation ak the Alicia Patterson Foundation kat fwa, menm jan tou pou lòt konpetisyon fotografi.