FotoKonbit

APROPO NOU

FotoKonbit se yon mouvman kreye pou angaje Ayisyen di pwòp istwa yo ak montre kominote yo atravè fotografi. Nou pwodwi atelye pou anseye fotografi an Ayiti ak dyaspora ayisyen. Imaj yo ki te pwodwi pa patisipan yo vin yon egzibisyon atrevè Ayiti ak aletranje. Nou itilize kapasite nou kòm fotograf, edikatè, ak atis pou nou ka fè yon diferans pozitif nan pi bon fason nou konnen kouman - atravè fotografi. Nap travay ak òganizasyon etabli an Ayiti, pou rezon sa FotoKonbit inikman pozisyone pou enspire espwa nan ekspresyon kreyatif e li bay Ayisyen opòtinite pou yo ka montre Ayiti atravè le monde.